21 moun mouri ak pou pi piti 30 lòt blese nan yon aksidan machin ki fèt jounen mèkredi 28 Avril 2021 an, nan lokalite « Williamson » Komin akayè. Daprè enfòmasyon yo, se yon ti bis ki fè transpò Senmak ak Pòtoprens, ki al fè kolizyon ak yon lòt machin ki fè transpò Pòtoprens ak Gonayiv.
N ap raple, nan bilten òganizasyon » Stop Accident » mete deyò te fè konnen gen 17 moun ki mouri ak 86 lòt kite blese, nan sèlman 39 aksidan ki te fèt nan (dis) 10 depatman peyi a.
Dieuva Occidor .