LEMOND/TRANBLEMAN TÈ: YON TRANBLEMAN TÈ MAYITID 6 SOUKE PEYI END.

Eta Assam nan peyi End souke nan lannwit 27 pou louvri mèkredi 28 Avril 2021 an ak yon mayitid 6, sekous la fèt nan yon fondyè 29 km. Okenn viktim poko dekouvri selon deklarasyon otorite peyi End yo .

Enstiti ameriken jewofizik ki gen sig fransè ( USGS), fè konnen tranbleman tè a souke eta Assam ki twouvel nan Nòdwès peyi End ak yon mayitid 6 ki pat reprezante okenn gwo danje selon esplikasyon responsab yo nan (USGS). Pilwen yo fè konnen kapital eta Guwahati ki gen 150 km distans Sid peyi End, enplike tou nan plizyè sekous divès batiman fisire aprè sekous la.

Nap raple, sekous tranbleman tè sa pase nan peyi End nan moman maladi kowonaviris la ap taye banda nan peyi sa ki vin konplike pi plis sitiyasyon abitan yo .

 

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …