AYITI/POLITIK: SEKTÈ KI POTE NON SEKTÈ DEMOKRATIK AK POPILÈ A ANONSE YAP MOBILIZE POU FÈ ECHÈK AK REFERANDÒM LAN.

Nan yon konferans pou laprès jounen jedi 29 Avril 2021 an, òganizasyon politik ki rele tèt yo sektè demokratik ak popilè a anonse yo pral kontinye mobilize nan lari a pou rive fè echèk ak referandòm lan 27 jen ki ap vini la . Youn nan manm yo Rony Thimote, fè konnen pandan tout mwa Me a ak rès mwa Jen an sektè ak tout manm yo pral mobilize nan tout rakwen nan peyi a pou rive fè echèk ak referandòm pouvwa anplas la .

Sou bò pa li, pòt pawòl sektè demokratik ak popilè a mèt Andre Michel, ki ekate tout posibilite pou yo chita dyaloge ak prezidan Jovenel Moïse, e pwofite envite tout sektè ki vle sèvi peyi a nan tranzisyon an pou chita pale ak prezidan dezinye mèt Joseph Mecène Jean Louis ki ap gen pou mennen tranzisyon an .

Nan fen konferans pou laprès la, ansyen senatè Nenel Cassy ki mande ak kominote entènasyonal la pou pran pozisyon klè kont referandòm jovenel Moïse la. Pilwen ansyen palmantè Nip lan ki salye pozisyon 68 kongresmann ameriken yo ki mande ak administrasyon ameriken an pou pa sipòte pwojè referandòm rejim anplas la .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …