LEMOND/ POLITIK : PLIZYÈ PATIZAN BOLSONARO MACHE NAN PEYI BREZIL JOUNEN PREMYE ME A .

Plizyè patizan prezidan Jair Bolsonaro, mache nan lari samdi premye 2021 an, pou pote sipò ak prezidan Bolsonaro. Rasanbleman manifestation sa te fèt nan plizyè vil tankou Brasilia, Sao Paulo ak Rio de Jeneiro, pifò manifestan yo se jèn pou al salye travay Jair Bolsonaro ap fè sou pouvwa.

Pandan dewoulman mouvman patizan Bolsonaro yo te gen yon sèl pawòl » mwen otorize Bolsonaro pou voye Lame a ». Depi de(2) semèn nan yon deklarasyon prezidan Bolsonaro te di : » m ap tann siyal pèp la, pou mwen kapab pran mezi kont desizyon seri meri pran kont pèp la ».

Nou ap siyale, manifestation sa fèt nan objektif pou denonse seri desizyon meri nan vil Brasilia, Sao Paulo ak Rio de Janeiro pran kont pandemi kowonaviris la pou anpeche plis moun viktim toujou nan peyi Brezil .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …