AYITI /POLITIK : ANSYEN SENATÈ YOURI LATORTUE PA PRAN OSERYE DEKLARASYON CHÈF LETA SOU KIDNAPIN LAN.

Ansyen senatè dapatman Latibonit lan Youri Latòti, di li pa pran oserye deklarasyon prezidan la repiblik Jovenel Moïse te fè samdi premye Me a nan inogirasyon baraj Maryon an, chèf leta te deklare  » 80% kidnapin yo nan peyi a, se kidnapin politik ». Ansyen palmantè a ki denonse politik chèf leta ap fè ak kidnapin lan, daprè ansyen senatè a popilasyon an konnen tout moun ki ap fè zak kidnapin yo epi nan ki baz yo ale ak moun yo kidnape yo.

Yon lòt bò, kòdonatè pati politik Ayiti an aksyon an( AAA) Youri Latòti,   denonse asasinay ki fèt sou militan manm pati a « Tiblanc Tatou » nan aprè midi dimanch 2 Me 2021 an, selon ansyen palmantè a militan pati AAA te konn ap resevwa menas toutan nan men divès moun ki nan pouvwa anplas la.

Nou ap raple, nan jounen fèt agrikil ak travay la prezidan repiblik te deklare  » 80 % kidnapin ki fèt nan peyi, se kidnapin politik », chèf leta ki anonse pa twò lontan l ap gen pou rive sou kidnapè yo. Alòske plizyè sitwayen nan peyi a poze kesyon kijou kidnapin lan ap sispann nan peyi Dayiti.

 

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …