LEMOND/ POLITIK : ANSYEN PREZIDAN LULA NAN TÈT LIS  SONDAJ  ELEKSYON 2022  NAN PEYI BREZIL .

Lidè politik gòch ansyen prezidan Luiz Inacio Dasilva Lula, vini nan tèt sondaj yo pou eleksyon prezidansyèl yo k ap fèt nan lane 2022 nan peyi Brezil.

Nan yin sondaj enstiti « Datafolha » pibliye mèkredi 12 Me a, kote yo te poze ak demil swasant onz (2071) pou mande yo ant prezidan  Bolsonaro ak ansyen prezidan Lula kiyès y ap vote ? 41 % di Lula ak 23 % pou Bolsonaro nan premye tou eleksyon yo, 55% kont 32 %  nan dezyèm tou eleksyon yo .

N ap siyale, nan mwa mas 2021,  lajistis te anile tout kondanasyon kite gen kont ansyen prezidan Luiz Inacio Dasilva Lula, depi jou sa lidè gòch pati travayè tanmen ak batay politik li yo san kel pako deklare ofisyèl li kandida nan eleksyon ki pral fèt yo .

Dieuva Occidor

Kredi foto:AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …