Twa ( 3)JOUNEN PRIYÈ NAN KOMIN DÈLMA, TOUT ANPLWAYE DWE PREZAN DAPRÈ MAJISTRA WILSON JEUDY

Mèri Delma anonse 17, 18 ak 19 me 2021 k ap vini la, meri a ap konsakre 3 jou sa yo ak 3 jounen priyè kote konsèy minisipal la egzije prezans tout anplwaye obligatwa pou bon jan dewoulman manifestasyon espirityèl sa.

« Konsèy minisipal meri Dèlma enfòme tout anplwaye 17, 18 ak 19 me 2021 an k ap vini la ap konsakre ak 3 jounen priyè ».

Nan sans sa, daprè avi a prezans anplwaye yo obligatwa pou bon jan dewoulman manifestasyon espirityèl sa Lendi e Madi 17 e 18 Me soti 6è nan maten pou rive midi ak mèkredi soti 6è nan maten pou rive 6è nan apremidi.

Nan lide pou manifestasyon espirityèl sa reyisi konsèy minisipal meri Dèlma a konte sou patisipasyon tout anplwaye yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …