LEMOND / AFWONTMAN : LAME IZRAYÈL LA TOUYE POU PITI SAN (100) MOUN NAN BAND « GAZA » .

Konfli ant Izrayèl ak Gaza ap pouswiv, bilan afwontman fè konnen lame Izrayèl la touye san twa (103) moun pami yo, venn sèt (27) timoun ak 580 blese palestinyen, depi afwontman yo lendi pase a daprè enfòmasyon responsab ministè sante Gaza yo mete deyò aswè jedi 14 Me 2021 an.

Aprè frap lame Izrayèl la sou palestinyen yo ki touye ak blese moun epi fè anpil dega materyèl, peyi Etazini montre gwo enkyetid li gen pou zak vyolans yo k ap dewoule ant Gaza ak peyi Izrayèl, kise alye peyi Etazini.

N ap siyale, malgre plizyè frap palestinyen yo fè sou peyi Izrayèl gen sèlman sèt Izrayèyelyen ki mouri ak yon dizèn lòt ki blese depi koumansman afwontman yo lendi pase a .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …