LAPOLIS DOMINIKEN METE ANBA KÒD WOODLY ETHÉART ALYAS SONSON LA FAMILLIA.

_Woodly Ethéart alyas Sonson la famillia jwenn arestasyon li nan peyi Sendomeng jounen dimanch 16 me 2021 an, daprè sa enfòmasyon yo fè konnen_ .

Lapolis dominiken arete Woodly Ethéart alyas Sonson la Famillia sou wout Bocha chica pandan li te gen anviwon 7 moun avè li. Pou kounya, daprè enfòmasyon yo, otorite Lapolis dominiken yo ap gade ki posibilite ki genyen pou yo ta transfere li an Ayiti.

Woodly Ethéart alyas Sonson la famillia te jije pou anlèvman, sekestrasyon ak asasina an Ayiti apre sa jij Lamar Belizaire, nan lane 2015 te libere l.

N ap raple, ansyen komisè gouvènman tribinal premye enstans Pòtoprens, mèt Paul Éronce Villard te mete yon manda darè dèyè Sonson La famillia.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …