AYITI /KIDNAPIN: BANDI AK ZAM KIDNAPE YON TIMOUN 6 LANE NAN KOMIN KWADÈBOUKÈ.

Nan lannwit samdi 15 me pou rive dimanch 16 me 2021, yon gwoup bandi ak gwo zam fann fwa rantre kay yon moun nan komin kwadèboukè nan zòn Dival 30 pote ale tout sa yo jwenn anndan kay la epi kidnape yon timoun sis (6) lane.

Aksyon sa kite yon gou amè nan bouch Popilasyon an ki lakòz tout moun nan zòn lan ap viv avèk gwo laperèz, yon lòt kote, Popilasyon krisyèn lan rele Anmweyyy sekou ak mouche leta ki lage yo debwa balanse san sekirite kote se gang ame ki ap taye banda nan tout komin kwadèboukè an.

Nap souliye bandi yo poko mande yon goud pou minè 6 zan an ki nan men yo a.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …