YON MEKSIKÈN KOUWONE MIS INIVÈ 2021 NAN SEMINOLE HARD ROCK HOTEL &CASINO

André Meza mis meksikèn kouwone mis inivè 2021 nan lannuit dimanch 16 Me 2021 an nan « seminole Hard Rock Hotel&Casino, Hollywood  » , vil Florid nan peyi Etazini._

Andrè Meza 26 rekòt kafe sou tèt li ranpòte swasantnevyèm edisyon mis inivè ki fèt nan vil Florid apre li te fin defile ak reponn kesyon sou aktyalite. Fason li te reponn kesyon yo, daprè anpil obsèvatè te bal yon longè davans sou lòt 73 kandida yo nan je manm jiri yo.

André Meza, avèk kouwòn sa siksede Sid Afrikèn nan Zozibini Tunzi, mis inivè ki te kenbe kouwòn nan pandan 2 lane akoz pwoblèm satinè lemonn t ap fè fas.

Kouwone mis inivè 2021, André Meza vini twazyèm Meksikèn ki kouwone mis inivè 11 lane aprè Ximena Navarrete nan lane 2010; 30 lane aprè Lupita Jones an 1930.

André Meza nan lane 2017 te patisipe nan konkou « beauté » mis « ronde » kote li te fini premye finalis. 4 lane apre, li ranpòte yon konkou entènasyonal ki se mis inivè 2021.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …