MERI KAFOU INOGIRE SANT KILTIRÈL MINISIPAL MANNO CHARLEMAGNE LA NAN KAFOU.

Meri Kafou inogire, jan sa te anonse depi plis pase yon mwa sant kiltirèl minisipal ki pote non Manno Charlemagne jounen lendi 17 me 2021 an ki chita kò li nan »Thor 12, komin Kafou._

Daprè majistra vil la, Jude Eduard Pierre sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne se yon espas ki la pou bay tout aktivite kiltirèl jarèt.

Premye sitwayen komin nan, Jude Eduard Pierre pandan dewoulman seremoni an te pran yon moman pou remèsye yon fason espesyal tout moun, tout enstitisyon, tout antreprenè ak direktè lekòl ki te kontribye yon fason osnon yon lòt nan bay bourad pou mete sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne la sou pye.

Sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne la fèt sou yon sifas 1080 m2 avèk 30% espas anplennè e ki gen ladann : Bibliyotèk Paulette Poujol Oriol ; Oditoryòm Roland Dorfeuille (Pyram); Jaden sant lan ; Yon espas souteren ki la pou konsève achiv kominal yo; Yon sal ekspozisyon tablo.

Gen yon pakèt gwo otorite nan Leta, nan komin Kafou ki te nan seremoni inogirasyon sila. Nice Simon, majistra komin Taba; 2 ansyen depite komin kafou Élie Blaise ak Jacques Beauvil ; Wa vodou a, Augustin St- Cloud ; Jean Emmanuel Jarquet, direktè DNL se kèk nan pèsonalite politik, relijye ak kiltirèl ki te nan seremoni inogirasyon sant kiltirèl minisipal Manno Charlemagne la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …