AYITI POLITIK : YOURI LATORTUE VOYE JETE BYEN LWEN LIDE DYALÒG PREZIDAN JOVENEL MOÏSE AP PALE A.

Ansyen senatè depatman Latibonit lan, Youri LATORTUE di opozisyon an pa nan dyalòg avèk Jovenel Moïse paske nou pap chita menm kote avèk yon moun ki gaspiye lajan peyi a ki menm fin demoli peyi a, selon sa Youri fè konnen Mesye Jovenel Moïse ta sipoze nan penitansye Nasyonal.

Lidè nimewo 1 Pati politik Ayiti An Aksyon an (AAA) move kou kong lè li tande lokatè palè Nasyonal la di gen moun nan opozisyon an ki konn pale avèk li a 8h epi a 1h nan maten menm moun sa chanje lide se tande mwen tande li granm maten li sou tout radyo nan kapital la ap mande pou mwen ale, lè mw rele li , li dim se politik lap fè. Orijinè Gonayiv la deklare si ansyen patwon agritrans lan pap bay manti se pou li di moun sa yo.

Ansyen konseye prezidan Joseph Michel Martelly a di zafè eleksyon Òganzasyon Eta Amerikèn yo (OEA) ap pale a yo pa ladanl yo menm paske Jovenel Moïse pa kredib pou li òganize eleksyon nan peyi. Nan sans sa, lòm politik la fè konnen yo pa nan eleksyon avèk Jovenel Moïse. Nou dakò pou gen eleksyon men se pa avèk Jovenel Moïse. deklare Youri LATORTUE.

Nap raple nou se menm Youry sa ki te fè kanpay nan tout peyi a pou Jovenel Moïse.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …