_Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse reyaji aprè nouvèl lanmò prezidan konsèy pèmanan òganizasyon eta ameriken an (OEA) jounen mèkredi 19 me 2021 an_ .
« Se avèk anpil lapenn mwen ap aprann nouvèl lanmò prezidan konsèy pèmanan OEA », ekri sou kont twitè prezidan Jovenel Moïse.
Ansyen patwon agritans lan pwofite okazyon an pou li prezante kondoleyans li bay fanmi, zanmi diplomat la. » Mwen prezante kondoleyans mwen bay repiblik vwazen Paragwe ak OEA », konkli mesaj prezidan repiblik la Jovenel Moïse.
Jackson junior Rinvil