AYITI/REFERANDÒM: SEKTÈ KI POTE NON SEKTÈ DEMOKRATIK LA MANDE PÈP LA POU MOBILIZE KONT REFERANDÒM LAN.

Nan yon konferans pou laprès sektè ki pote non sektè demokratik ak popilè a bay jounen ven (20) me 2021 an, mande ak popilasyon an pou kontinye mobilize kont referandòm pouvwa anplas la kap gen pou fèt venn sèt (27) jen ki ap vini la .

Pòt pawòl sektè demokratik la mèt Andre Michel, ki mande ak popilasyon an pou itilize tout mwayen ak atifis pou fè echèk ak referandòm la.  » Tout sa ki make referandòm kraze yo! Batay kont referandòm lan, lanse jounen jedi a epi n ap pouswiv li nan tout peyi a », deklarasyon pòt pawòl sektè demokratik la mèt Andre Michel. Pilwen, avoka ki di popilasyon an dwe konprann se yon pwovokasyon pouvwa lèl vle ban nou yon lòt konstitisyon e li raple pi fò sektè yo pa ladann tankou avoka, sosyete sivil, dyaspora, popilasyon an ak kominote entènasyonal la tout di yo opoze ak referandòm lan .

Pou fini, mèt Andre Michel, fè konnen pou kapab fè echèk ak referandòm lan sektè demokratik ak popilè a pral òganize sòti venn twa (23) pou rive venn sis (26) me yon seri vire won nan depatman lwès ak lòt rejyon yo. Epi venn sèt (27) pou rive trant (30) me nan lòt depatman yo pou kapab mobilize popilasyon an kont referandòm lan.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …