LEMOND /TRANBLEMAN TÈ:PLIZYÈ MOUN MOURI AK LÒT BLESE NAN YON TRANBLEMAN TÈ NAN PEYI LACHIN

Yon trableman tè frapre sid  peyi Lachin  nan pwovens Yunnan vandredi 21 me 2021 an touye  pou pi piti de(2) moun epi blese 17 lòt daprè institut américain géophysique.

Tranbleman sa ki souke tè ak yon manyitid 6,1 te fèt bò 13 zè 48 CMT touprè vil  Dali nan sidwès peyi Lachin jounen vandredi an ak yon pwofondè 10 kilomèt selon menm sou lan.

Nan menm jounen vandredi 21 avril 2021 an  bò 20h 04 nan lè peyi Lafrans peyi Lachin konnen yon lòt tranbleman tè nan pwovens chinwaz Qinghai ki touprè nò.

Dezyèm tranbleman sa pase ak yon manyitid 7,4 nan yon premye tan men li tap pral bese 7,3 daprè USGS.

Angeline Michel

Kredi foto:TVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …