AYITI/COVID 19: COVID-19 LA POTE ALE PASTÈ EMMANUEL SANON, DIREKTÈ KOLÈJ EXCELSIOR A.

_Direktè kolèj Excelsior a, Pastè Emmanuel Sanon mouri vandredi 21 me 2021 an nan aswè swit ak maladi Kovid-19 la, daprè sa yon pwòch li fè konnen._

Maladi Kovid-19 la kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon an. Nan vandredi 21 me 2021 an nan aswè, direktè kolèj Excelsior a ki se pastè Emmanuel Sanon mouri aprè li t ap fè fas ak pwoblèm sante ki, daprè pwòch li pwoblèm sante sa yo sanble tèt koupe ak sentòm Kovid-19 yo

N ap raple ministè sante piblik nan yon nòt pou laprès li te fè soti 14 me 2021 an te raple pou popilasyon an pa neglije mete an aplikasyon mezi prevansyon kont Kovid-19 la tankou lave men, mete kachnen ak evite kote ki gen anpil moun.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …