LEMOND/AFWONTMAN: « YON ANTANT ISRAYÈL AK GAZA SE SÈL REPONS AK KRIZ LA  » DAPRÈ PREZIDAN JOE BIDEN.

Prezidan ameriken an Joe Biden, fè konnen rezolisyon ki gen nan konfli ant Israyèl ak Gaza se yon antant ant de (2) Leta yo.

Nan yon konferans pou laprès nan mezon blanch li deklare  » mwen pa gen okenn chanjman nan angajmanm pou sekirite Israyèl, pap gen chanjman menm  » daprè prezidan Joe Biden, ki fè deklarasyon sa yo nan moman vizit prezidan Sid Koreyen an nan mezon blanch.

Premye sitwayen Leta Ameriken an, Joe Biden, manifeste entansyon pou kominote entènasyonal la pou mete yon èd disponib pou kapab ede Gaza rekonstwi, san yo pap bay chans ak Hamas pou rekonstwi sistèm zam yo a.

Fòk nou di, malgre anons lapè ki te fèt ant de (2) peyi yo nan yon afwontman ki fèt vandredi venteyen (21) me 2021 an ant fidèl palestinyen ak polisye peyi Israyèl nan yon moske ki twouvel nan vil Jerizalèm lakoz pou piti ven (20) moun blese .

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …