AYITI/ DYASPORA : GOUVÈNMAN AMERIKEN RENOUVLE « TPS » POU AYISYEN YO.

Gouvènman ameriken an anonse samdi venn de (22) me 2021 an, yo renouvle pwogram estati pwoteksyon tanporè  » TPS », pou dizuit (18) mwa pou tout resòtisan ki ap viv nan peyi a pami yo ayisyen yo .

Sekretè ameriken sekirite enteryè a, Alejandro N.Mayorkas, fè konnen gouvènman ameriken an pran desizyon sa parapò ak divès pwoblèm peyi Ayiti ap rankontre tankou ensekirite, twoub sosyal yo, ogmantasyon vyolasyon dwa moun, ogmantasyon moun pòv yo ak difikilte pi plis maladi kowonaviris la vinn mete sou pèp ayisyen an.

 » aprè refleksyon nou, nou gen pou nou fè tout sak posib pou soutni resòtisan ayisyen yo nan peyi Etazini jiskaske kondisyon yo amelyore nan peyi a epi pou yo kapab retounen lakay yo » toujou daprè sekretè ameriken enteryè sekirite a Alejandro N. Sekretè Mayorkas, ki raple TPS la ap aplike pou ayisyen sèlman k ap viv nan peyi Etazini depi avan yo te pran desizyon an epi ki respekte lòt egzijans aplikasyon an fè yo, pandan li presize moun ki rantre aprè dat anons desizyon an pap kapab benefisye pwogram estati pwoteksyon tanporè « TPS » la .

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …