AYITI/KOVID 19: GOUVÈNMAN AN DEKRETE « ÉTAT D’URGENCE » SANITÈ POU 8 JOU NAN TOUT PEYI A

_Nan lide pou kwape maladi Kovid-19 la, gouvènman ayisyen an dekrete eta dijans sanitè pou 8 jou nan peyi a. Se prezidan peyi a, Jovenel Moïse ki anonse nouvèl la sou kont twitè li jounen samdi 22 me 2021 an._

Daprè Jovenel Moïse, desizyon sa pran aprè li t ap prezide an ijans yon konsèy minis.  » Gouvènman ayisyen an dekrete eta dijans sanitè pou 8 jou », daprè sa ki ekri nan mesaj la.

Jovenel Moïse pwofite okazyon an pou li fè konnen jès baryè yo, jounen jodi a dwe enpoze ak tout moun.

N ap raple, direktè Ona a a Chesnel Pierre se youn nan dènye ka lanmò peyi a anrejistre nan sa ki gen pou wè ak maladi Kovid-19 la.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …