AYITI /SANTE : YON LÒT GWO DIREKTÈ NAN ADMINISTRASYON PIBLIK LA GEN KOWONAVIRIS.

Direktè jeneral biwo monetizasyon pwogram èd pou devlopman (BMPAD) , Fils -Aimé Ignace Saint Fleur, teste pozitif ak maladi kowonaviris la, daprè yon nòt BMPAD mete deyò.

Selon enfòmasyon nan nòt la, ki enfòme ak tout pèsonèl enstitisyon an ak manm popilasyon an direktè jeneral BMPAD la Fils -Aimé Ignace Saint Fleur, teste pozitif ak maladi kowonaviris la pou kounye a ap resevwa swen nan yon sant ki fèt pou sa.

Pou fini, responsab yo ki mande ak tout anplwaye ki ap vin nan enstitisyon an pou kapab fè tès kowonaviris la, daprè yo se yon mezi ki ta dwe aplike nan tout enstitisyon ki nan peyi a pou evite pwopagasyon maladi a pi plis toujou nan peyi Ayiti.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …