AYITI/KOVID-19 : KREYÒL LA REPÒTE SWARE ANIVÈSÈ T JOE A POU YON LÒT DAT YO POKO KONNEN.

_Gwoup mizikal kreyòl la voye pou yon lòt dat sware anivèsè chantè dzaj la, T-JO. Desizyon sa pran parapò ak fason ka kontaminasyon kovid-19 yo ap ogmante dènye jou sa yo nan peyi a._

Depi plis pase yon semèn, ka kontaminasyon kovid-19 yo pa sispann ogmante anndan peyi a. Nan sousi pou kwape maladi a, gwoup Kreyòl la kanpe sou sware anivèsè yo te prevwa fè pou Joseph Zenny Jr( Tjoe), chantè djaz la dimanch 29 me 2021 ki ta pral vini la nan otèl El Rancho.

Sepandan, gwoup la mande pou moun ki te gentan peye tab yo depi davans yo pou yo tabli kontak ak nimewo sa ki se: 509 3348-7300

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …