AYITI/ REFERANDÒM : MANM KOMITE KONSILTATIF ENDEPANDAN YO ENVITE DYASPORA VIN PRAN PLAS LI NAN NOUVO KONSTITISYON AN.

Nan seri deba ki lanse sou chèn televizyon Leta youn nan manm komite konsiltatif endepandan an Jean Emanuel Elois, envite ayisyen ki nan dyaspora pou vin pran plas yo nan nouvo konstitisyon ki ap vote venn sèt (27) jen ki ap vini la.

Manm komite a Jean Emanuel Elois, envite dyaspora pou ale li avan pwojè konstitisyon an nan atik 11 pou rive jiska atik 30 yo , kote konstitisyon an bay dwa sòl ak dwa san pou dyaspora yo kote yo ap kapab patisipe nan tout aktivite nan tout nivo anndan peyi a.

Sou bò pa li, minis chaje sitwayènte ak patriyòt la Gy Andre François Junior, ki denonse plizyè mouvman ki ap fèt nan fòm bòykotaj. Minis Gy Andre François Junior, envite moun ki pa dakò ak referandòm lan pou kapab al esprime pozisyon yo dimanch venn sèt (27) jen k ap vini la.

N ap raple, minis chaje zafè eleksyon ak konstitisyon an Mathias Pierre, ouvri ayè nan komin Petyon vil yon atelye travay de (2) jou sou eleksyon ak konstitisyon kote pou piti yon santèn pati politik te prezan nan premye jounen an .

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …