AYITI/POLITIK: SEKTÈ DEMOKRATIK LA DI YO PA NAN DANSE KOLE AK DIRPOD.

Nan yon nòt manm ki pote non sektè demokratik ak popilè yo mete deyò madi venn senk (25) me 2021 an, di yo pa nan danse kole ak direksyon politik opozisyon an (DIRPOD).

Nan nòt la, manm ki pote non sektè demokratik yo di yo pran desizyon sa se pou evite tout zigzani ki kapab genyen ant yo ak dirijan direksyon politik opozisyon an (DIRPOD), ki sanble pa gen menm vizyon ak yo pou rezoud kriz ki ap brase bil peyi a.

Toujou daprè nòt sektè demokratik ak popilè a, ki di yo rekonèt istwa sektè a ak DIRPOD men ki vin pèmèt yo pakab kontinye kolabore ansanm, paske chak jou bagay la ap vin pi grav depi lè relijyon pou lapè antre nan demach pou jwe wòl mitan jwèt pou rezoud kriz aktyèl la.

N ap siyale, sektè demokratik ak popilè a se yon estrikti ki te kreye pou goumen fas ak pouvwa anplas la ki vin tonbe ap dechire bout pa bout depi fen lane 2020.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …