AYITI/SOSYETE: JOVENEL MOÏSE FELISITE ROSE LUMANE SAINT-JEAN

_Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse felisite Rose Lumane Saint-Jean apre li fin ranpòte pri piblik « TV5 Monde » lan, jounen madi 25 me a, nan kad konkou entènasyonal elokans inivèsite pari 1 Panteyon-Sòbòn tap òganize._

 » M prezante felisitasyon m ak Rose Lumane Saint-Jean pou pri piblik » TV5 monde » li ranpòte nan konkou entènasyonal elokans inivèsite pari 1 panteyon-Sòbòn nan », li sou kont twitè Jovenel Moïse nan apre midi 25 me 2021 an.

Pou ansyen patwon agritans lan, sa Rose Lumane Saint-Jean fè a moutre peyi a chaje talan ladann li. « Yon gwo fyète pou Ayiti », konkli twit la.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …