AYITI/ REFERANDÒM: PLIZYÈ LIDÈ POLITIK NAN OPOZISYON AN DI YO AP BARE LAWOUT AK REFERANDÒM LAN.

Plizyè lidè politik ki nan opozisyon an di yo ap bare lawout ak pouvwa anplas la ki vle reyalize referandòm konstitisyonèl la venn sèt (27) jen ki ap vini la .

Kòdonatè depatmantal Nò inisyativ patriyòt maryen ( IPAM) ansyen depite Hugues Célestin, pou mobilize nan tout peyi a pou kapab fè echèk ak referandòm lan. Daprè ansyen palmantè a, rive chanje konstitisyon an se pou kapab pwoteje rejim phtk ki fè yon bann krim nan peyi a.

Ansyen depite komin Pòsali a Sinald Bertrand, ki denonse veleyite prezidan Jovenel Moïse ki genyen nan tèt li sèlman pou chanje konstitisyon 1987 la, ansyen palmantè depite senkantyèm (50 eme) lejislati a ki mande ak manm opozisyon yo fè yon sèl ak popilasyon an pou bare lawout ak referandòm lan.

Kòdonatè mouvman politik desalinyen an ( MOPOD) agwonòm Jean André Victor, deklare pwojè referandòm konstitisyonèl Jovenel Moïse la pap rive nan bout li, daprè agwonòm lan se yon manèv politik pou kreye divèsyon yon fason pou li kapab rete sou pouvwa jiska sèt (7) fevriye 2022.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …