AYITI/SANTE: YON ANSYEN SENATÈ GRANDANS MOURI AK KOWONAVIRIS.

Ansyen senatè depatman Grandans Maxime Roumer, mouri aswè jedi venn sèt (27) me 2021 an, nan vil Jeremi. Daprè enfòmasyon yo viktim lan mouri ak maladi kowonaviris la.

Ekonomis Maxime Roumer, te gen 71 lane sou tèt li, li te ap soufri ak tout sentom ke otorite yo nan ministè sante piblik ak popilasyon di ki se siy kowonaviris yo.

Nou ap raple, ansyen palmantè a ki te envesti nan bay moso konesans li t ap dirije inivèsite (UNOGA) ki nan depatman Grandans depi dis (10) lane.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …