AYITI REFERANDÒM: ANSYEN DEPITE ACKLUSH LOUIS- JEUNE DEKLARE LI PRAL BLOKE TOUT BAGAY KI GEN RAPÒ AVÈK REFERANDÒM LAN NAN KOMIN DAM MARI.

Aprè prezidan tirès sena a, senatè Joseph Lembert te fin move kou kong kont referandòm lan, fwa sa se tou pa ansyen depite Acklush Louis- jeune ki move kou kong mèm arive sèmante pou li fè santi zafè referandòm prezidan Jovenel Moïse ap pale a pap mete pwent pye li nan komin Dam Mari.

Ansyen sekretè chanm depite a sèmante se sou fyèl li ansyen patwon agritrans lan pral pase pou li vin fè referandòm nan komin li te depite a.

Ansyen palmantè a kontinye pou li di tout sak ki gen a wè ak koze referandòm lan lap bloke tout nan kòmin natif natal li a.

Anrevanj, yon gwoup jèn pran deklarasyon ansyen depite a a kontre pye pou di Acklush Louis-Jeune pa gen otorite poul pran gwo angajman sa pou komin Dam Mari a paske li te fè 12 lane kòm depite Dam Mari menm yon pwopozisyon de lwa li pat fè nan palman an alewè si li ta plante yon ti pye bwa nan komin lan.

Nap raplew, minis enteryè ak kolektivite tèritoryal la lanse yon iltimatòm bay tout moun ki gen nan tèt yo kòm kwa yo pral kraze oubyen yo pral bloke tout aktivite referandòm lan, minis lan fè konnen se avèk li moun sa yo ap jwenn.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …