AYITI / REFERANDÒM : TOUT KOMISÈ GOUVÈNMAN YO AK LAPOLIS JWENN LÒD POU SEKIRIZE REFERANDÒM LAN.

Nan yon nòt ministè jistis ak sekirite piblik (MJSP) mete deyò jounen jedi venn uit (28) me 2021 an, fè konnen komisè gouvènman nan tout dizuit (18) jiridiksyon yo ak lapolis jwenn lòd pou sekirize referandòm lan kap fèt venn sèt (27) jen kap vini la.

Nan nòt sa minis jistis ak sekirite piblik la mèt Rockefelleur Vincent, ki raple venn sèt (27) jen 2021 an se ap yon dat enpòtan pou demokrasi a nan peyi a, kote pèp la pral di sa yo panse si pou chanje konstitisyon an ou byen pou pa chanje li.

Pilwen, minis jistis la mèt Rockefelleur Vincent, ki fè konnen ministè jistis deja bay  enstriksyon ak komisè nan tout dizuit (18) jiridiksyon yo ak lapolis pou sekirize jounen venn sèt (27) jen an, kap jou referandòm lan kont tout zak zèfèyis .

Pou fini, minis jistis la, ki mande ak tout otorite jidisyè yo ak otorite polisyè yo pou asire bon dewoulman referandòm kap fèt nan dat venn sèt (27) jen 2021 an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …