AYITI / KILTI :  » TRIPLEXE LUMIÈRE  » LANSE PREMYE EDISYON KONKOU PWEZI YO .

Asosiyasyon « Triplexe lumière » lanse premye edisyon konkou pwezi yo nan tout dis (10) depatman peyi a sou tèm  » l’immortalité de l’encre,  » Haïti terre des dieux ».

Selon responsab yo nan  » Triplexe de lumière » fè konnen konkou sa ki ap òganize nan tout dis (10) depatman peyi jwenn koutmen  » Alliance française », Café Philo »,  » Centre Pen » ak plizyè lòt òganizasyon nan peyi a. Pi lwen, yo fè konnen konkou sa fèt nan objektif pou bay bourad ak ankouraje jèn ki nan literati nan peyi a ak sa ki nan peyi etranje yo, pou kapab bay jarèt ak literati ayisyèn lan.

Asosiyasyon an, ki devwale prim konkou a, tèks ki loreya sa ap resevwa yon chèk senk san (500 000) mil goud, patisipasyon li nan festival FKZO nan peyi Kanada, yon rekèy pwezi ak yon albòm.

– Dezyèm nan konkou a ap resevwa yon chèk desan senkat (250) mil goud, yon rekèy pwezi ak yon albòm .

– twazyèm lan ap resevwa yon chèk san (100 000) mil goud ak yon rekèy pwezi, epi senkant lòt tèks ki pi bon yo ap resevwa yon prim sòti senkant (50) pou rive nan senk (5) mil goud .

Pou fini, responsab yo nan asosiyasyon  » Triplexe lumière » ankouraje ak tout jèn ki vle patisipe nan konkou sa pou voye enskri sou entènèt nan https : // forms.app/triplexedelumire.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …