Premye minis pou yon ti bout tan an, doktè Claude Joseph fè yon chita pale pa vizyo konferans ak manm selil syantifik sou jesyon kriz pandemi kowona viris la._
Ayiti ap fè fas ak 2 nouvo varyan Kovid-19 la. Sa lakoz, dènye tan sa yo, gen anpil ka kontaminasyon ak lanmò. Doktè Claude Joseph, nan sans sa, fè yon chita pale ak selil syantifik la sou jesyon Kovid-19 la.
« Chèf gouvènman pou yon tan tou kout la, Claude Joseph vle konnen kisa ekspè yo panse sou devlopman kriz sanitè ki gen ak wè ak Kovid-19 la nan peyi a; li vle konnen avi yo ak pi bon rekòmandasyon ki ka pran pou kwape maladi a ak pwoteje popilasyon an », li nan yon nòt primati a mete deyò.
Jackson junior Rinvil
Kredi foto:twitter