LEMOND/ KRIM : POU PI PITI DE (2) MOUN MOURI AK VEN (20) LÒT BLESE NAN PEYI ETAZINI.

Nèg ak zam ki t ap sikile sou machin nan Leta Florid tire sou yon foul moun kite kanpe devan yon kay nan Florid, nan lannwit vent nèf (29) pou louvri dimanch trant (30) me 2021 an. Fiziyad sa ki lakoz pou piti de (2) moun mouri ak yon ventèn lòt sòti blese, daprè sa lapolis nan Leta Florid rapòte.

Twa (3) endividi ak zam kite sòti nan yon machin simen katouch nan direksyon foul moun yo ki tap patisipe nan yon konsè nan vil Miyami,  Eta Florid, nan peyi Etazini.

Selon bilan pasyèl otorite lapolis yo kominike  dimanch lan, kantite moun ki blese yo nan yon ventèn (20), selon esplikasyon direktè polis « Miami -Dade » la, Alfredo Freddy Ramirez, ki fè konnen kriminèl yo te deja chape poul yo aprè zak la, pwofite anonse yon ankèt ki ouvri sou zak la.

Pilwen, Alfredo Freddy Ramirez, ki kondane sak pase a e pwomèt pou rive arete moun ki patisipe nan zak la.

N ap fè remake, pandan plizyè mwa zak ensekirite ak fenomèn kriminèl la pa sispann ogmante nan peyi Etazini, sitou nan Leta Florid.

Dieuva Occidor

Kredi foto:AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …