AYITI/SENDOMENG: REPIBLIK DOMINIKÈN VOYE TOUNEN 127 TIMOUN DEPI KÒMANSMAN ANE 2021 AN, DAPRÈ FONDASYON ZANMI TIMOUN.

_Daprè fondasyon zanmi timoun pou 5 premye mwa ki sot pase yo, nan gwoup moun Sendomeng voye tounen an Ayiti, gen 127 timoun animatè fondasyon an resanse nan Beladè. Sityasyon sa prewokipe anpil sitwayen, sitou sila ki fè pati fondasyon zanmi timoun._

Depi kòmansman ane 2021 an, otorite dominiken yo pa sispann voye ayisyen ki pa gen papye tounen an Ayiti. Anpil nan moun yo se ti lèzanj, daprè yon nòt pou laprès fondasyon zanmi timoun mete deyò jounen lendi 31 me 2021 an.

Pandan trimès sa, sa vle di mwa avril, me ak Jwen an nonm timoun dominiken yo ap voye tounen yo vin pi ogmante. Daprè fondasyon zanmi timoun yo resanse deja 77 timoun ki pa gen pèsonn ki akonpanye yo, ladan yo gen 13 fi.

Fondasyon zanmi timoun denonse, yon lòt bò fason repatriman sa yo toujou fèt. » Repatriman sa yo toujou fèt dèyè do tout prensip, akò ki siyen ant Ayiti ak Sendomeng nan mwa Mas 1999 sou koze repatriman », daprè nòt la.

Pou fini, zanmi timoun mande gouvènman ayisyen an pou yo fè tout sa ki posib nan sousi pou kapab garanti dwa fondamantal timoun yo ak pwoteje yo kont nenpòt fòm abi ki gen pou wè ak vyolasyon dwa moun yo ap viktim.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …