AYITI/REFERANDÒM: MATHIAS PIERRE DEMANTI ENFÒMASYON KI TA FÈ KWÈ LETA VOYE REFERANDÒM NAN POU YON LÒT DAT.

_Mathias Pierre, minis delege bò kote premye minis la ki responsab pou diskite zafè elektoral ak relasyon avèk pati politik yo, pote yon demanti ak rimè ki ap sikile ki ta fè kwè Leta voye referandòm nan pou yon lòt dat._

« Sèl KEP a ki otorize nan vwa ofisyèl yo pou li bay enfòmasyon sou revizyon kalendriye elektoral la osnon sou tout chanjman dat ki gen ak wè ak referandòm e ak eleksyon », daprè sa Mathias Pierre fè konnen. »

Minis delege bò kote premye minis la ki responsab kesyon pou diskite sou zafè elektoral ak relasyon avèk pati politik yo, Mathias Pierre kalifye rimè tout lòt sous enfòmasyon ki ap enfòme popilasyon an sou koze referandòm ak eleksyon yo.

Nou ap raple, gon pakèt lidè politik ki leve vwa yo pou di Non ak koze referandòm nan, pami yo Eric Jean Baptiste.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …