AYITI/POLITIK: »ÒGANIZASYON ETA AMERIKEN (OEA) SE YON ÒGANIZASYON ENTÈNASYONAL KI VANN NANM LI », DAPRÈ RENÉ CIVIL

Responsab Emèjans patriyotik la, René Civil denonse konpòtman yon pakèt ogònizasyon entènasyonal, notamman Òganizasyon Eta Ameriken  ( OEA) genyen anvè peyi a.

« Yo pa te fonde OAE pou yo te mete ti raketè nan tèt li, ki pou vin rich sou do Ayiti », daprè René Civil. Li fè entèvansyon sa yo nan kad yon konferans pou laprès emèjans patriyotik bay jounen lendi 7 jwen 2021 an._

« Lòt nasyon yo fin kreye OEA, men gen pisans ki kidnape l.Se sa li vle li fè li fè », konstate Rene Civil. » « OEA ki gen pou misyon batay pou bay demokrasi jarèt ; pou bat bravo pou demokrasi nan kontinan ameriken an rive nan tete lang ak rejim PHTK a, patiklyèman Jovenel Moïse ki, daprè atik 134-2 manman lwa peyi a, gen manda li fini depi fevriye 2021″, deklare responsab Emèjans patriyotik la.

Daprè lidè politik Emèjans patriyotik la, tout kriz peyi a ap fè fas ak yo se move eleksyon ki lakoz yo  » yon pakèt eleksyon Nasyonzini ak Etazini sipòte pou yo ka rann peyi a engouvènab, enstab ».  » Konplo Etazini, Kanada ak Lafrans parapò ak Ayiti se OEA ak Nasyonzini ki mete yo an aplikasyon », daprè René Civil.

Yon lòt kote, René Civil fè OEA konnen li pa pral nan eleksyon ak Jovenel Moïse. » Nou menm nan emèjans patriyotik nou klè sou pozisyon nou, nou p ap fè wonn pòt nan eleksyon avèk Jovenel Moïse. Fòk Jovenel Moïse kite palè a », egzije René Civil.

Pou sa ki gen pou wè ak referandòm nan, lidè emèjans patriyotik la denonse ipokrizi òganizasyon entènasyonal yo ap fè sou kesyon an. »BUNUH di referandòm nan pa enklizif, li pa patisipatif. Etazini pran pòz lap mande eleksyon, li pa nan referandòm alòske se konplo yo », selon René Civil.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …