AYITI/POLITIK: JOVENEL MOÏSE CHITA AK MISYON OEA A NAN PALÈ NASYONAL.

_Jovenel Moïse resevwa misyon òganizasyon eta ameriken yo (OEA) jounen madi 8 Jwen 2021 an nan palè nasyonal. Daprè chèf Leta a, diskisyon yo te plis chita sou koze ensekirite ak sanitè._

« M pale ak misyon OEA a jounen madi 8 Jwen an. Bat bouch sila a te plis chita sou ensekirite ak sityasyon sanitè yo », daprè sa ki ekri sou kont twitè chèf Leta ayisyen an.

Yon lòt kote, ansyen patwon agritans lan relanse apèl pou chita pale administrasyon li ap lanse depi kèk tan an. « Administrasyon m nan afime angajman li pou gen yon dyalòg fran ki pou debouche sou òganizasyon eleksyon demokratik yo ».

Nou ap raple, anpil lidè politik nan opozisyon an, bò kote pa yo te voye jete envitasyon chita pale misyon OEA a te fè yo. Nan lis sa, Moïse Charles ak mèt André Michel se kèk nan yo.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …