LAFRANS/ZEN: YON SITWAYEN LEVE MEN NAN FIGI PREZIDAN FRANSÈ A.

_Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, pandan li te an vizit jounen madi 8 Jwen 2021 an nan yon kote ki rele « Drôme » ki chita kò li bò kote « Tain l’Hermitage » resevwa yon kalòt nan men yon sitwayen pandan li tap lonje lanmen bay foul la._

Nan yon videyo ki ap sikile sou rezo sosyal yo, yo wè yon gason ki kole nan baryè sekirite a kote Emmanuel Macron te ap bay kèk moun lanmen, nan moman sa, pandan Emmanuel Macron ap pwoche vè li menm, li pwofite pou li frape chèf Leta fransè a pandan li di  » aba Makroni ».

Daprè Laprès fransèz, notamman BFMTV pakè valans fè konnen se 2 Jenn gason ki gen 28 lane sou tèt yo ki poze aksyon an. Youn ki bay kou a ak yon lòt ki te akonpanye sa ki bay kou a. Pakè a mete tou de nan gadavi « pou vyolans sou moun ki depozitè otorite piblik », rapòte Yahoo.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …