AYITI/ENSEKIRITE: ENSEKIRITE NAN KATYE POPILÈ YO, RÉGINALD BOULOS LONJE DWÈT SOU POUVWA EGZEKTIF LA.

Nan yon entèvansyon li fè nan jounal gran boulva sou radyo « Caraïbes » mèkredi 9 jwen 2021 an nan maten, lidè MTV Haïti a, Réginald Boulos lonje dwèt sou pouvwa egzektif la ki se premye responsab nan sityasyon ensekirite ki ap taye banda nan katyè popilè yo.

Peyi a ap konnen yon moman nwa nan listwa li ak koze gang ki ap simèn dèy ak latwoublay toupatou. Nan moman kote ensekirite a ap vale teren, gen anpil pawòl ki ap pale sou kiyès ki ta responsab ki lakoz peyi a rive nan sa li ye jounen jodi a. » Premye responsab la se Leta ayisyen ak pouvwa egzektif la. Se yo ki responsab pò ak ayopò anndan peyi a. Se yo ki nonmen direktè ladwan ak direktè APN. Se yo ki responsab tout pò anndan peyi a », deklare Réginald Boulos sou kesyon zam ki rive nan katyè popilè yo.

« Si gen yon nèg ki distribiye zam, ki ap enpòte zam ki ap fann fwa moun fòk Leta arete yo. Fòk yo te mete lajistis dèyè yo. Ò, kòm pouvwa li menm li konplis nan sa ki ap fèt la, se li ki egzektif la ; se li ki gen kapasite pou ta mete Etadedwa men sa pa entèrese li paske pouvwa Jovenel Moïse la se kontrè Etadedwa », daprè lidè MTV Haïti a.

« Gouvènman Jovenel Moïse la se koripsyon, dilapidasyon, masak Lasalin ak Bèlè; se pa janm fè eleksyon ; se ensekirite; se menas piblik prezidan an ap fè yo; se gangsterizasyon tout bidonvil ki gen nan Pòtopens yo », deklare Réginald Boulos nan mikwo Guerrier Dieusel.

Yon lòt kote, doktè Réginald fè konnen li pat sipòte Michel Martelly nan eleksyon prezidansyèl 2011 lan. » Mwen pat sipòte Michel Martelly. Mwen te vote pou madam Manigat. Mwen te fè kanpay pou madam Manigat. Nan lane 2014, mesye prezidan Martelly te mande mwen pou mwen rantre nan yon komisyon. Se te yon komisyon endepandan ki te gen yon pakèt moun kredib ladann. Sa pa te yon sipò », deklare doktè Boulos. » Wi, mwen te sipòte Jovenel Moïse nan eleksyon. M desi. M chanje nan lane 2018″, pawòl doktè Réginald Boulos.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …