AYITI / POLITIK : DIVÈS PATI POLITIK NAN OPOZISYON AN BOUDE ENVITASYON OEA.

Plizyè pati politik nan opozisyon politik la tankou sektè demokratik ak popilè a (SDP) ak Fanmi Lavalas di yo pa nan rankontre ak misyon òganizasyon Leta ameriken yo (OEA), daprè yo ki paka ede rezoud kriz la nan peyi a.

Nan yon konferans pou laprès sektè ki pote non sektè demokratik la bay madi uit (8) jen 2021 an, pòt pawòl SDP a , mèt Andre Michel, di yo pran desizyon pou pa rankontre ak misyon OEA aprè yo te chita pale ak divès manm sektè a nan peyi a. Pilwen, mèt Andre Michel, fè konnen òganizasyon Leta ameriken yo, pat dakò rekonèt manda prezidan repiblik la Jovenel Moïse fini depi sèt fevriye 2021 an.

Sou bò pa li, pòt pawòl pati politik Fanmi Lavalas la, Judson Durogène, di Fanmi Lavalas pa nan rankontre ak misyon OEA ki nan peyi a, daprè Judson Durogène òganizasyon Leta ameriken yo depi plizyè lane ap sipòte rejim PHTK nan peyi Ayiti.

Nou ap siyale, misyon òganizasyon Leta ameriken yo ki rantre nan peyi a uit (8) jen 2021 an, pou vin chita pale ak aktè politik yo pou jwenn yon solisyon ak kriz la , deja pale ak prezidan repiblik la Jovenel Moise, sou kriz ki ap kangranen peyi Ayiti.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …