AYITI/KAT IDANTIFIKASYON: SAN PIS ELEKTWONIK LA, KAT IDANTIFIKASYON NASYONAL LA PA BON

_Wandy Charles, responsab kominikasyon ofis nasyonal idantifikasyon (ONI) an fè konnen nan jounal » le nouvelliste » kat idantifikasyon nasyonal la envalid san pis entèlijan ki ladann nan._

Alòske nan yon videyo ki te ap sikile sou rezo sosyal yo anpil moun te kapab wè kèk sitwayen ki tap retire pis elektwonik ki nan kat idantifikasyon nasyonal « kat dèmalòg » la ki, daprè yo menm, se yon mannyè administrasyon Jovenel Moïse la ak ONI itilize pou lokalize yo. Parapò ak sityasyon sa, responsab kominikasyon ofis pwoteksyon idantifikasyon an chwazi pote limyè pou popilasyon an kote li demanti enfòmasyon sa.

« San pis elektwonik la, kat idantifikasyon nasyonal la pa valab pou plizyè rezon. Dabò, fizikman kat la faslifye epi li degrade, men tou pis la se yon mwayen sekirite. San li, ONI pap kapab otantifye kat la », deklare Wandy Charles nan kotidyen _le nouvelliste_.

« Pis la se pa yon mwayen pou lokalize okenn moun. ONI pa ni gen enterè, ni gen mwayen pou li ta lokalize sitwayen ayisyen yo. Pis la se yon sikui ki kenbe yon pakèt enfòmasyon ki pèmèt kat la otantifye », presize responsab la.

Wandy Charles fè konnen tout moun te konnen kesyon pis elektwonik ki nan kat yo. « Depi nan moman nou te vini avèk pwojè kat idantifikasyon nasyonal la, nou te esplike pou laprès ak popilasyon an nouvo kat la ap gen yon pis elektwonik ladann ».

Daprè mesye Charles, pis elektwonik la gen menm enfòmasyon ki sou kat la anndan li, rapòte jounal __le nouvelliste_.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: Indis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …