AYITI /KOWONAVIRIS : KIRE PAWAS « NOTRE- DAME » KWADÈBOUKÈ A MOURI NAN KOWONAVIRIS.

Kire pawas  » Notre-Dame » komin Kwadèboukè a, pè Gy Chrispin, mouri ak maladi ki sanble tèt koupe ak maladi kowonaviris la, sikonstans lanmò pè a ki te ap soufri ak maladi dyabèt epi lòt maladi ankò san yo pa ekate tèz maladi kowonaviris la.

Achevèk Pòtoprens, ki rann omaj bay defen an kote Achevèk la prezante pè Gy Chrispin, kòm moun ki te gen anpil gete ak kè kontan, li se te yon moun ki te toujou louvri pou dyaloge  » memwa li ap rete vivan nan kè pawasyen ak konfrè ki te renmen li anpil yo », daprè sa Achevèk Pòtoprens lan ekri .

Nou ap siyale, maladi kowonaviris la kontinye ap touye moun nan peyi a, ayè maladi a te deja touye Esther k ise madanm ansyen sekretè Leta Kominikasyon Eddy Jackson Alexis.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …