AYITI/ POLITIK :  » RANKONT MISYON OEA AK AKTÈ POLITIK YO POU REZOUD KRIZ LA SE JWÈT LAVE MEN SIYATÈ » DAPRÈ SIKOLÒG WILFINCE MOMBRUN.

Sikològ Wilfince Mombrun, di li pa pran twò serye rankont misyon òganizasyon Leta ameriken yo (OEA), reyalize ak aktè politik yo kapab ede rezoud kriz politik la nan peyi a, men pito se jwèt lave men siyatè.

Pwofesè Inivèsite a, ki fè konnen se pa pou premye fwa òganizasyon emisferik sa konn voye misyon nan peyi a pou vin ede rezoud la ki pa janm rive fèt li pran kòm egzanp misyon lane 2004 la. Pwofesè filozofi a, rete kwè solisyon ak kriz la se yon solisyon ayisyèn. « se pou tout pitit peyi a mete tèt yo ansanm pou rezoud diferans yo », toujou daprè Sikològ Wilfince Mombrun, ki raple prensip nan diplomasi a ki di :  » peyi yo pa konn zanmi, sof ke enterè yo ».

Pou fini, Sikològ Mombrun ki ankouraje aktè yo pou chita dyaloge avan kriz la plis anpire pou blan pa vin enpoze yon solisyon klas politik la.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …