AYITI/SEKIRITE:  » LAPOLIS NASYONAL DAYITI REPRAN KONTWÒL KOMISARYA SEN JOZÈF LA », DAPRÈ FRANTZ EXANTUS.

_Sekretè Leta kominikasyon an, Frantz Exantus fè konnen nan yon twit li fè jounen dimanch 13 jen 2021 an, Lapolis retounen pran kontwòl komisarya sen Jozèf la._

« Lapolis nasyonal repran kontwòl komisarya sen Jozèf la jounen dimanch lan », daprè sa ki ekri sou kont twitè Frantz Exantus.

Daprè sekretè Leta kominikasyon an, CSPN nan detèmine pou li retabli yon klima sekirite anndan peyi a jan prezidan repiblik la, Jovenel Moïse bay enstriksyon pou sa fèt kòmsadwa.

Dènye semèn sa yo, sityasyon ensekirite a nan rejyon metwopolitèn nan pa sispann taye banda. Nan rantre sid kapital la, nan nivo matisan, sa gen anviwon 8 jou depi plizyè milye moun, daprè ofis pwoteksyon sitwayen « OPC » te kouri kite kay yo pou yo te ka echape anba kout zam ki tap simen nan batay gwoup gang ak gwoup gang.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …