Plizyè abitan nan komin Dèlma, kontinye jounen lendi katòz (14) jen 2021 an, pou kontinye mande liberasyon kòmandan Jeff, ki arete depi samdi douz (12) jen an nan komin Dèlma.
Abitan sa yo, ki mande liberasyon ansyen polisye Lamy Enock alyas » Kòmandan Jeff » selon sa yo fè konnen se yon papa pou zòn Dèlma, pwotestatè yo ki an kòlè mete kawotchou, kakas machin nan zòn Dèlma 19 ak 30 pou egzije liberasyon « Kòmandan Jeff ».
Nou ap siyale, plizyè lòt zòn nan rejyon metwopolitèn lan gen gwo tansyon ki devlope ladan yo pandan jounen an, nan sousi pou pwotestatè yo fè pase revandikasyon yo.
Dieuva Occidor