AYITI/POLITIK: REKONDWI NAN PÒS PREMYE MINIS PEYI A, CLAUDE JOSEPH REMÈSYE JOVENEL MOÏSE POU KONFYANS LI GEN NAN LI.

_Nan yon arete prezidansyèl ki parèt nan jounal ofisyèl « le moniteur » jounen lendi 14 jen an, Claude Joseph rekondwi nan pòs premye minis peyi a pou yon ti bout tan. Touswuit apre, chèf gouvènman an remèsye prezidan repiblik la pou konfyans li remete nan li, daprè yon mesaj li poste sou kont twitè li._

« M remèsye vivman prezidan repiblik la, Jovenel Moïse pou konfyans li retounen mete nan mwen pou m kapab dirije gouvènman pou yon ti bout tan sa », daprè sa ki ekri sou kont twitè li.

Doktè Claude Joseph pwofite okazyon an pou l fè konnen li « konsyan defi k ap tann li yo anpil, men li konfyan l ap fini pa simonte tout difikilte sa yo gras ak angajman, solidarite epi bon jan kolaborasyon tout manm gouvènman an ».

Premye minis pou yon ti bout tan pa pran tan pou l voye yon apèl pou dyalòg bay manm opozisyon yo. » Yon lòt fwa ankò, n ap envite tout zanmi nou ki nan opozisyon an pou kenbe men chèf Leta a pou kapab gen yon bon dyalòg k ap debouche sou yon gouvènman antant nasyonal », daprè sa ki ekri sou kont twitè doktè Claude Joseph.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …