AYITI/ SEKIRITE : LAPOLIS FÈ YON GWO KOUT FILÈ NAN BAZ  » 17 ERO » NAN KOMIN KWADÈBOUKÈ.

Lapolis nasyonal  Dayiti (PNH) di yo fouke madi kenz (15) jen 2021 an, nèf (9) nan manm gwoup gang « 17 Ero » kap opere nan komin Kwadèboukè.

Sèvis kominikasyon nan Lapolis la, ki fè anons lan sou paj ofisyèl yo Twitè ak Fesbouk , nan kout filè sa fòs lòd yo arete nèf moun ki se : Jean Elancuis Blanc, Gerard Antoine, Davidson Tortus, Dumetry Clenat Amos, Chameau Louis, Naïka Balan, Vladimir Souffrant ,Jean Saint- Louis ak Dina Dérilus. Seri mesyedam sa yo ki tap opere nan lokalite  » Nan Remi » ki nan komin Kwadèboukè.

Pou fini, responsab yo nan sèvis kominikasyon polis la fè konnen moun sa yo ki arete a, repwoche pou enfraksyon sa yo ki se fouy, vòl ak zam epi asosiyasyon malfèktè.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …