AYITI/ KOWONAVIRIS : POU PI PITI KARANT UIT (48) MOUN TESTE POZITIF, TWA (3) MOUN MOURI AK MALADI KOWONAVIRIS LA NAN DEPATMAN NIP.

Pou pi piti karant uit (48) moun teste pozitif, twa (3) moun mouri ak maladi kowonaviris nan depatman Nip, daprè bilan otorite nan direksyon depatmantal ministè sante piblik Nip yo kominike.

Direktè depatmantal sante piblik Nip lan Doktè Jacques Laroche, fè konnen sòti premye me pou rive sèz (16) jen 2021 an gen pou pi piti katsan ven ( 420) moun ki depiste ladan yo karant uit (48)teste pozitif ak maladi kowonaviris la epi 3 moun mouri nan maladi a, youn nan komin Payan ak de (2) nan komin Miragwàn.

Yon lòt bò direktè depatmantal (MSPP)Nip lan, ki presize otorite sanitè yo mete disponib an atandan yon espas nan lopital Sent Terèz ki rezève ak dis (10) kabann pou resevwa moun ka yo depase ak maladi kowonaviris la. Pilwen, Doktè Jacques Laroche, fè konnen pou kounye a depatman Nip gen kapasite pou pwodwi trant (30) bonbòn oksijèn chak jou.

Pou fini, nimewo en (1) ministè sante piblik la nan depatman Nip, Doktè Jacques Laroche, mande konkou tout sektè yo pou rive konbat maladi kowonaviris la nan tout onz (11) komin yo ak trant sèt (37) seksyon kominal depatman an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …