AYITI/ ENSEKIRITE: PLIZYÈ ABITAN KI CHAPE POUL YO ANBA BAL BANDI VIN REFIJE YO NAN KOMIN MIRAGWÀN.

Plizyè abitan ki te abite nan Matisan, ki chape poul yo anba zak vyolans yo vin ateri nan komin Miragwàn, daprè konsta jounalis Echo Jounal fè nan komin sa.

Kèk nan viktim sa yo, esplike yo vin ateri nan komin Miragwàn nan moman yo tap kouri sove lavi yo anba bal bandi nan Matisan kap toke kòn yo depi kèk semèn. Abitan sa yo, esplike yo pa rete anyen ankò paske gwoup gang yo ki tap batay yo mete dife nan kay yo, kounye a yo lage debra balanse.

Majistra komin Miragwàn lan, Anne Myriame Loiseau, fè konnen pou piti se yon trantèn moun ki te ateri nan komin lan nan aswè madi kenz (15) jen pase a, li te oblije fè mete moun sa yo nan yon abri pwovizwa ki gen nan komin lan. Premye sitwayèn komin lan di: » li pa gen ase mwayen pou asiste moun sa yo », li mande ak otorite yo nan Leta santral pou ede moun sa yo retounen lakay yo.

Nou ap fè remake, plizyè milye moun ki tap viv nan Matisan te kouri ki te lakay yo anba bal nan moman gwoup gang Gran ravin ak Tibwa tanmen yon batay pou kontwole teritwa yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …