AYITI/PIYAJ: PLIZYÈ ENDIVIDI FÈ DAP PIYANP NAN PLIZYÈ BIZNIS NAN ESTASYON GONAYIV AK BA DÈLMA.

_Yon gwoup moun piye jounen vandredi 18 jen 2021 nan apremidi plizyè antrepriz, pami yo mache ti Tony nan zòn estasyon Gonaviy ak ba Dèlma nan moman nèg ak zam tap twoke kòn yo ._

Nan plizyè videyo ki ap sikile sou rezo sosyal yo, anpil gwoup moun ki chwazi pran pwovizyon alimantè mete sou tèt yo; genyen ki mete li sou moto yo nan moman te gen anpil kout zam ki tap chante nan zòn yo tap piye antrepriz yo.

Kout zam pa sispann chante depi plis pase 24è Nan komin Dèlma, patiklyèman Dèlma 2, 6 kote te gen yon polisye »cimo » bandi te atake ki tal mouri sou kabann lopital ayè Jedi 17 jen an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …