AYITI/ SEKIRITE :  » SE KANPE GOUMEN LI YE » DEKLARASYON DIREKTÈ JENERAL POLIS LA LÉON CHARLES.

Nan kad yon pwen pou laprès direktè jeneral pou ti bout tan polis nasyonal la Léon Charles, fè aprè midi vandredi dizuit (18) jen 2021 an, deklare  » se kanpe goumen li ye fas tout bandi ».

 » mwen ap di tou senpleman ak tout polisye moman se goumen li ye. bandi pran nou pou sib, yo atake komisarya, bandi ap boule polisye, bandi tire sou yon patwouy polisye, yo asasine yon polisye simo nou gen yon sèl estrateji se goumen fas bandi yo », daprè deklarasyon direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles. Pandan li kontinye pou li mande ak polisye yo pou devlope tout estrateji yo pou kapab kontrekare bandi nan peyi a paske polisye yo gen lalwa bò kote yo. Pandan, li raple polisye sèl mwayen pou fini ak kesyon banditis la nan peyi a se devlope estrateji yo, manche zam yo epi mande kolaborasyon popilasyon an.

Nou ap raple, rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan te konnen jounen vandredi yon jounen panik ak atansyon kote plizyè biznis piye nan komin delma ak nan zòn estasyon Gonayiv.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …